Skip navigation

Mesaj Videyo an Solidarite

CODEPINK ap rejwenn lòt òganizasyon toupatou nan lemonn nan dat 29 mas pou Jounen Entènasyonal Aksyon an Solidarite ak Ayiti. N ap solisite  mesaj solidarite avèk  mouvman pèp Ayisyen an pou demokrasi ak otodetèminasyon. Videyo yo pa dwe depase yon (1) minit.

Sijè Diskisyon

  • Pou plis pase yon syèk, souverènte Ayiti kwape. Okipasyon meriken, diktati militè ki jwi sipò aktè ekstèn, koudeta, titèl entènasyonal Nasyonzini - tout sa yo enpoze yon direksyon politik ak ekonomik ki fondamantalman kont enterè pèp Ayisyen an e ki favorize enterè ekstèn sou souverènte nasyonal.

  • Nou kanpe an solidarite ak vwazen nou yo an Ayiti. Nou mande Etazini, OEA, ak Core Group chanje direksyon, pou denonse Moyiz ki kenbe pouvwa a, e pou retire bouch yo ak men yo nan koze entèn Ayiti! 

  • Se Pèp Ayisyen a ki pou deside !

  • Kite Ayiti Mache!

Pi bon pratik pou anrejistre videyo ou:

  • Pa filme vètikalman. Mete telefòn pòtab ou nan sans orizontal pou filme. Epi asire bouton lòk pou oryantasyon pòtrè a sou “OFF.”

  • Eseye minimize tout bwi nan anviwònman ou.

  • Sèvi ak limyè natirèl lè sa posib. Filme tou pre yon fenèt ap asire bon kalte anrejistreman.

    • Sonje pozisyone tèt figi devan yon limyè (sètadi: fenèt, lanp, elatriye).

    • Pa kite limyè solèy k ap rantre atravè yon fenèt oswa limyè yon lanp dèyè do ou pou asire yon bon kalte anrejistreman.

Videyo yo pa  dwe depase yon (1) minit. Tanpri, voye yo bay [email protected].